
ANSÈYMAN POU TIMOUN
ENTÈGRITÉ ( EGZÒD 18:21 )
Lè Adonai te edé Israelit yo pou yo te kapab liberé nan Esklavaj, pandanl te retiré yo nan Ejip, Moshé, Lidè Israel la, te aprann yon bagay kite byen enpòtan: Lib pa savle di pou nou fè sa nou vle, pito sa mande entègrité ki vledi ´´ lanvi fè sa ki dwat´´. Yon jou, Moshé te resevwa konsèy nan men bopèl Yitro. Li te dil konsa, poul pran swen pèp li-a, Moshé te dwe chwazi moun ki vle fè sa ki dwat epi ki genyen respè pou Elohim pou ki Edél. Moshé te swiv bon konsèy sa. Sa montré nou yon Leson ki enpòtan: Fè sa ki dwat epi respekté lòt moun yo se bagay ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi epi fè mond ki antoure nou-an yon kote ki meyè. (Edzòd 18:14-26)

YON KADO ESPESYAL
Elohim te di Moshé li te genyen yon Kado byen Espesyal pou Pèp li-a, ´´ Dis Règ enpòtan´´ ki va edél viv avèk Lapè ak Jwa.
Règ sa yo rele ´´ Dis Kòmandman yo´´. (Egzòd 20:1-17)

RESPÈ
Elohim montré kote tout moun enpòtan epi yo merité pou yo treté avèk respè. Respè se treté moun avèk amabilité menmjan nou vlé pou yo treté nou. Imajiné nou kote nou chak se yon flè inik nan yon bèl jaden, epi chak flè, gran kou piti, li espesyal pou Elohim. Menmjan nou pran swen chak flè avèk lanmou, nou dwe pran swen ak respèkté tout moun nou jwenn. Treté tout moun avèk amabilité, patajé ak edé se kòman nou montré respè. Lè tout moun noue mab ak respektyé, nou fè mond lan yon koté ki pi bèl.
Chonjé, chak moun genyen valè epi yo merité pou nou treté yo avèk jistis e ak lanmou, menmjan nou ta kapab pran swen jwèt nou yo nou renmen anpil yo ak sa ki espesyal pou nou yo.
Egzòd 21:2-6; Egzòd 22:21; Egzòd 22:22-23; Egzòd 23:6; Egzòd 23:9.

ISRAEL NAN SINAYI
Pèp Israel la te trouvél nan mòn Sinayi yo tap preparé pou yo te genyen yon rankont espesyal avèk Adonai ki rele ´´ Torá´´ ki se Ansèyman li ak Enstriksyon li. Tout pèp la te netwaye yo. Konsa tankou yo, nou dwé preparé nou lè nou trouve nou devan tròn Papa nou ki nan Syèl la, pandan nap etidyé Torá, pandna nap selebré Shabat oswa fèt biblik yo avèk fanmiy nou. Nou dwe toujou prè pou nou rankontré Adonai pandan nap louvri kè nou a Ansèyman li yo pou nou aprann anpil ak grandi. (Egzòd 19:10-11)

10 KÒMANDMAN
-
Piga ou genyen dye etranjé devanm. Se tankou lè yon moun ki renmen-ou anpil mande-ou pou pa ignorel. Elohim di piga nou bay anyen plis enpòtans pasel.
-
Pa fè Imaj, ni bagay ki sanblé avèl. Elohim ap di nou piga nou fè Estati oswa desin epi pou nou panse yo se Elohim. Li vle pou nou respektél san nou pa sèvi ak imaj.
-
Pa pran non Adonai Elohim-ou anven. Sa se menmjan lè yon moun pran non-ou poul di yon bagay ki pa verité. Elohim mande pou nou pa sèvi avèk non li pou nou di bagay ki pa bon.
-
Chonjé Shabat la pou nou metel apa. Shabat se yon kado Adonai fè nou pou nou kapab repozé ansanm avèk fanmiy nou, se yon tan pou nou estidyé pawòl li, chanté chan de louranj ak palé de sa nou aprann nan Bib la.
-
Onoré Papa ak Manman-ou. Sa vledi nou dwé respekté ak obeyi paran nou yo, paske yap pran swen nou.
-
Pa Tiye. Elohim di nou, nou dwe valorizé ak respèkté lavi lòt moun yo.
-
Pa komèt Adiltè. La, lap pale kote moun ki Maryé yo dwe fidèl antré yo.
-
Pa Volè. Senpléman, ou pa dwé pran sa ki pa pou-ou.
-
Pa bay fo temwanyaj sou prochen-ou. Ou pa dwé fè manti sou lòt moun.
-
Pa Anvi. Sa vledi ou pa dwe anvi pou genyen bagay ki pa pou-ou.

EDE MOUN KI NAN BEZYEN YO
Elohim beni nou avèk kèk bagay, tankou jwèt, manjé, etc. men konsa tou genyen kèk timoun oswa kèk Grann/Gran papa kip a genyen tròp bagay tankou-ou, petèt se paske yo pa genyen fanmiy pouki edé yo. Elohim, vle pou nou tankou sipè Ero pou moun sa yo, pandan nap patajé sa nou genyen avèk yo. Mensi se yon jwèt, manjé, yon ti kal tan nan tan-ou pou fè yo ri, oswa edé yo nan kèk fason. Elohim montré nou pou nou genyen yon kè ki gran ak jeneré. Chakfwa nou patajé, nap montré lanmou. Konsa, si nou genyen anpil oswa piti, toujou genyen yon bagay nou kapab patajé pou fè kè moun ki bezyenl lan kontan.
Egzòd 22:21; Egzòd 22:22; Egzòd 23:6;egzòd 23:11; Egzòd 22:22-25.

PA RAKONTE RIMÈ
Ou pa dwe repeté sa kip a verité: si ou tande yon rimè oswa yon bagay de yon moun, pa kontinyé ap rakontél, espesyalman si ou pa konen si se verité. Se tankou ou tap jwé nan yon telefòn ki dekonpozé; pawòl yo chanjé yo kapab deranjé. Elohim vle pou nou bon zanmi epi toujou pale avèk verité, veyé pou nou pa blésé lòt moun avèk pawòl nou yo.
Egzòd 23:1

Si tout fwa ou ta renmen genyen Dokiman sou Telefòn/Emprimel, Kliké sou PDF la.